Nip (depatman)
Nip[1] se yon depatman ki sitiye nan peyi Ayiti. Vil Miragwàn se chèflye li.
Jewografi
[modifye | modifye kòd]Anpil komin nan depatman Nip lan twouve yo bo lanme, pa egzanp : Miragwàn, Ti Rivyè de Nip, Ansavo, Ti twou de Nip, Baradè ak Gran Boukan nan sitiyasyon sa a, lòt yo pataje ant plenn ak mòn, pa egzanp ː komin Payan, komin Fondènèg, komin Lazil ak komin Plezans de Nip.
Istwa
[modifye | modifye kòd]Depatman Nip lan te kreye nan lane 2003 sou pati lès depatman Grandans. Se yon lwa palman ayisyèn an te vote nan lane 2003 ki te pèmèt depatman sa a rive kreye. Pifò zòn ki fè pati depatman sa a Grandans, gen kèk ti zòn tou ki te nan depatman Sid. (Abraram pa egzanp) se yon ti zòn ki te nan 10zyèm seksyon aken ki vin nan katriyèm seksyon Miragwàn.
Administrasyon
[modifye | modifye kòd]Depatman Nip divize an 3 awondisman ak 11 komin :
- Awondisman Miragwàn (4 komin) ː
- Awondisman Ansavo (5 komin) ː
- Awondisman Baradè (2 komin) ː
11 komin divize an 37 seksyon kominal.
Ekonomi
[modifye | modifye kòd]Nan depatman Nip, agrikilti ak elvaj se 2 pi gwo aktivite ekonomik depatman an, aprè sa se komès. Nan vil Miragwàn, genyen yon waf kote bato debake, sa pèmèt gen anpil aktivite komès nan vil sa a.
Pwodiksyon
[modifye | modifye kòd]Nan depatman Nip gen anpil pwodiksyon agrikol, nan seten komin kòm Payan ak Fondenèg, yo pwodui anpil yanm, manyok ak bannann, nan komin Fondenèg yo pwodui anpil kann, anana ak mayi, pwa nwa, pwa kongo. Nan komin Payan yo pwodui anpil patat, pwa ak manyok. Nan komin Miragwàn yo pwodui diri. Nan komin Ansavo, yo pwodui mayi ak pwa.
Karakteristik
[modifye | modifye kòd]Nip se youn nan zòn ki gen min boksit. Te gen yon konpayi etranje ki rele "Renolds" ki te konn ap eksplwate pwodui sa a, sa gen kèk lane.
Sit touristik
[modifye | modifye kòd]Nan depatman Nip, gen plizye sit touristik, pami yo gen yon chit dlo ki rele so di baril ki twouve li nan zòn sentiv nan komin Ansavo.
Inivèsite ak lekòl pwofesyonèl
[modifye | modifye kòd]Gen plizye inivèsite ak lekòl pwofesyonèl nan depatman an. Pami yo genyen UPNIP ki se inivèsite piblik Nip, ki ofri syans administrativ ak syans ledikasyon, genyen tou yon lekòl dwa.
Kilti
[modifye | modifye kòd]Gen plizyè gwo evènman kiltirèl ki konn reyini anpil moun nan depatman an. Youn nan yo se fèt Sen Jan Batis Miragwàn, aprè sa se festival Pwason Ti Rivyè epi ak fèt patwonal ki nan chak komin yo. Selebrasyon 18 me konn trennen anpil moun tou.
Referans
[modifye | modifye kòd]- ↑ « Population de 15 ans ou plus en surpoids et obèse par sexe ». Retrieved 2018-08-28.
Lyen deyò
[modifye | modifye kòd]
| ||||||
Grandans · Latibonit · Lwès · Nip · Nò · Nòdès · Nòdwès · Sant · Sid · Sidès |